GAL

Auteur - Team

6 juin 2025    2 min(s)


GAL

Ki siy ak sentòm yon moun ki fè maladi gal kapab prezante?

Sa ki karakterize maladi gal, se demanjezon ak gratel nan zòn tankou:

-Fant dwèt.

-Bò kwis .

-Pwanyè.

-Anba bra.

-koud ponyèt.

-Pwent Tete

-Lonbrik.

-Pati jenital.

Lakay ti bebe yo ,ou konn jwenn ti bouton nan pla men, pla pye, po tèt.

Kisa ki lakòz gratel ak demanjezon nan maladi gal la ?

Se yon parazit ki rele Sarcopte Scabiei ki bay li, yon ti bèt ki telman piti ke li enposib pou we l ak zye w. Femèl parazit sa rantre anba po a, li kreze yon pakèt ti kanal pou li ka pon ze e li sekrete yon pakèt dechè nan ti kanal sa yo, pwiske kò a alèji avek bagay sa yo, sa povoke gwo gratel ak demanjezon.

Ki konplikasyon maladi gal kapab pwovoke?

Akoz demanjezon ki gen nan maladi gal, ki fè moun nan plede grate ,sa konn rive po a blese, nou gen sou po nou yon pakèt jèm e lè yo antre andan po a yo pwovoke enteksyon. Ko moun nan konn te pil bouton k ap bay pij. Donk youn nan gwo

konplikasyon maladi gal kapab pwovoke se enfeksyon.

Ki konsey yon moun dwe aplike kont maladi gal?

  • Evite kontak dirèk po a po ak moun ki gen maladi gal.
  • Padan w ap pran medikaman E doktè, ou dwe lave rad, dra, sak zòrye w ak gwo dlo cho e pase kabann ou nan gwo soley pou detwi ti bèt la nèt e anpeche w enfekte ankò.
  • Evite pataje rad, dra, kouche  sou kabann yon moun ki enfekte.
  • Si w remake youn nan siy sa yo ki site la, ale vit we dokte pou kapab pran Medikaman  pou detwi parazit la.
  • Si w enfekte enfome moun ki nan antouraj ou yo e fè yo ale wè doktè pou verifye si yo pa enfekte tou.
  • Aplike prensip ijyèn yo pou kapab viv byen e rete an sante
PLUS ANCIEN

TOVA, à livre ouvert…

PLUS RÉCENT

Andometriyoz

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

En savoir plus sur ApaMag

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture