Enpwisans seksyèl

Auteur - Team

1 juillet 2025    2 min(s)


Enpwisans seksyèl

Enpwisans seksyèl se yon pwoblèm sante lakay gason,,ki souvan lye a laj oubyen kèk faktè ki kapab koz moun nan vinn gen pwoblèm sa.

Kisa enpwisans seksyèl la ye?
Enpwisans seksyèl se enkapasite pou yon gason Bande oubyen rete bande pandan tout yon rapò seksyèl ou plis jwenn li ka gason ki depase 45 lane.

Kisa ki lakòz pwoblèm ereksyon sa?

1. Pwoblèm sante fizik :

  • Tansyon wo
  • ⁠maladi sik
  • Maladi kè
  • Pwoblèm sikilasyon san an
  • Obesite

2. Pwoblèm sikolojik :

  • Estrès
  • Anksyete
  • Depresyon
  • Pwoblèm relasyon

3. Lot koz :

  • bwè twòp alkòl
  • Fimen
  • Dwòg
  • Efè segondè kèk medikaman
  • Fatig

Kèk konsèy pou moun ki gen difikilte ak impuisans seksyèl:

  1. Siw remake ou konsa
  2. ⁠Ale konsilte yon doktè*
  3. Pa wont pale ak patnè ou
    – Kominikasyon ede redwi presyon, estrès e fè relasyon an pi solid.
  4. Evite sa ki pa bon pou sante
    – Pa fimen, pa bwè twòp alkòl, pa itilize dwòg.
  5. Fè egzèsis regilyèman
    – Mache, naje, oswa fè spò pou amelyore sikilasyon san.
  6. Jere estrès ak traka
    – Pran repo, pratike meditasyon oswa fè bagay ki fè w santi w byen.
  7. Manje manje ki bon pou sante
    – Fwi, legim, pwason, grenn nwa (nwa, pistach), ak sereyal.
  8. Pa pran medikaman san preskripsyon
PLUS ANCIEN

Andometriyoz

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

En savoir plus sur ApaMag

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture