Andometriyoz

Auteur - Team

19 juin 2025    3 min(s)


Andometriyoz

Yon Maladi Silansyez ki Afekte Anpil Fanm

Kisa andometriyòz la ye?

Andometriyoz se yon maladi kwonik ki afekte 1 fanm sou 10 ki rive nan laj pou fè pitit.

Andometriyoz se yon maladi kote tisi ki sanble ak tisi ki andedan matris la (yo rele « endometrium ») grandi DEYÒ matris la. Tisi sa a ka ale kole sou lòt ògàn nan basen an tankou ovè, twonp, blad pipi, trip,elatriye. Anpil fanm viv avèl san yo pa konnen sa kap pase nan kò yo.

Poukisa Andometriyoz rive ?
Yo pa konn egzak kòz endometrioz, men gen plizyè lide:

  • Jenetik: Si fanm nan gen fanmi li gen endometrioz, li gen plis chans pou ou devlope li.
  • Sistèm iminitè: sistèm defans kò a paka detwi tisi andometriyoz la byen.
  • Règ la koule nan twonp falòp yo olye ke li soti deyo nan kò a.
  • Ekspozisyon a sibstans ki deranje sistèm òmonal . Ki siy ak sentòm yon moun ki gen Andometriyoz kapab prezante

Sentòm Endometrioz
Sentòm yo varye selon moun, men pi komen yo se:

  1. Doulè pèsistan nan basen ki agrave pandan règ la
  2. Doulè kwonik nan pati anba ti vant.
  3. Doulè pandan relasyon seksyèl (dispareni).
  4. Doulè lè w ap pipi oswa pou a la sèl .
  5. Règ abondan anpil oswa règ ki dire plis pase 7 jou.
  6. Difikilte pou tonbe ansent (pwoblèm enfètilite)

Gen fanm ki gen sentòm yo lejè, men gen lòt ki pa ka fè aktivite chak jou akòz doulè yo

Dyagnostik
Dyagnostik andometriyoz ka difisil paske sentòm yo sanble ak lòt maladi. Doktè a ka fè:
Laparoskopi: Yon ti operasyon kote doktè a mete yon ti kamera nan vant pou wè tisi andometriyoz dirèkteman. Sonografi oswa IRM pou chèche si gen anomali.

Tretman ak Jesyon
Andometrioz pa geri selon lasyans, men li bay mwayen pou jere sentòm yo:

  1. Medikaman:
  • Anti-enflamatwa pou doulè.
  • Tretman òmonal (pilil, stèrilè) pou ralanti kwasans tisi a.
  1. Operasyon:
  • Laparoskopi pou retire tisi andometriyoz ak reparasyon ògàn ki afekte.
  • Nan ka ekstrèm, retire tout matris la (isterektomi).
  1. Apwòch konplemantè:
  • Fè egzèsis regilye pou diminye anflamasyon.
  • Manje (fwi, legim,ak pwoteyin vejetaryen).
  • Jere estrès ak domi bye

Endometrioz ak Fètilite
Anpil fanm ak endometrioz gen difikilte pou ansent. Tisi a ka bloke tib falòp yo oswa domaje ovè yo. Men, avèk tretman (tankou operasyon oswa fekondasyon asiste), anpil fanm kapab vin ansent. Si w gen pwoblèm fètilite, konsilte yon espesyalis repwodiksyon.

Sonje: Andometriyoz pa yon maladi ou dwe afwonte pou kont ou. Konesans, sipò, ak tretman apwopriye ka ede w kontwole maladi a epi amelyore kalite lavi w. Pa pè pale ak yon pwofesyonèl sante si w gen dout!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

En savoir plus sur ApaMag

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture